Psalms 23:1
Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
Bib La
In The King James Version
The LORD is my shepherd; I shall not want.
In Context
2Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè.
Cross References
Psalms 34:9(034:10) Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.
Psalms 34:11(034:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.
Psalms 79:13Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou.
Isaiah 40:11Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Jeremiah 31:10Seyè a di ankò: -Nou menm lòt nasyon yo, koute sa m'ap di: Mache fè konnen l' nan tout zile ki byen lwen yo. Di yo: Seyè a te gaye tout pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral sanble yo ankò. Mwen pral okipe yo, tankou gadò k'ap okipe mouton l'.
Ezekiel 34:14M'ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo.