Psalms 23:5
Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 16:5Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.
Psalms 22:29(022:30) Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li.
Psalms 45:7(045:8) Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l'a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
Psalms 92:10(092:11) Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan.
Psalms 104:15pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.
Isaiah 25:6Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè yon gwo fèt sou mòn Siyon an pou tout nasyon ki sou latè, avèk bèl plat manje byen pare ak bonjan vyann gra. L'ap sèvi bon kalite diven ki la depi lontan.