Psalms 23:6
Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 16:11W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.
Psalms 21:4(021:5) Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.
Psalms 30:11(030:12) Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt.
Psalms 73:24Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou.
2 Corinthians 1:10Se li menm ki delivre m' anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m'. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen,
Philippians 1:23Mwen ta renmen fè tou de: Mwen ta renmen mouri pou m' ta avè Kris la. Sa ta pi bon anpil pou mwen.