Psalms 24:4
Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?
5Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras.
Cross References
Deuteronomy 4:19Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.
Job 17:9Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.
Psalms 18:20(018:21) Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan.
Psalms 26:6Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,
Psalms 51:12(051:14) Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan.
Psalms 143:8Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m' chonje jan ou renmen m' anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m' chemen pou m' pran an.