Psalms 25:5
Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a!
6Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.
Cross References
Nehemiah 9:20Ou pran ti gout nan lespri ou, ou ba yo pou yo ka gen konprann. Ou toujou ba yo laman pou yo manje, ou toujou ba yo dlo lè yo te swaf dlo.
Psalms 22:2(022:3) Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi.
Psalms 25:8Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.
Psalms 43:3Voye limyè ou, moutre m' verite ou la. Fè yo fè m' wè chemen pou m' pran an. Fè yo mennen m' sou mòn ki apa pou ou a, nan kay kote ou rete a.
Psalms 79:9O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou.
Psalms 88:1(088:1) Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra. (088:2) Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou!