Psalms 26:1
Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m',
Cross References
1 Samuel 2:9L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l' ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouraj yon nonm k'ap fè l' genyen.
2 Kings 20:3Li di: —Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.
Job 4:6W'ap sèvi Bondye, ou fèt pou genyen l' konfyans. Ou mennen bak ou byen, ou pa fèt pou dekouraje.
Psalms 7:8(07:9) Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.
Psalms 21:7(021:8) Wa a mete konfyans li nan Seyè a. Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la, wa a la pou tout tan.
Psalms 25:21Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye.