Psalms 26:10
ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun.
Bib La
In The King James Version
In whose hands is mischief, and their right hand is full of bribes.
In Context
9Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo,
11Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen.
Cross References
Exodus 23:8Lè n'ap sèvi temwen nan yon kòz, pa pran lajan anba nan men moun, paske lajan konsa bouche je nou, li fè nou pa wè kote jistis la ye. Li fè moun ki pa antò a pèdi kòz li.
1 Samuel 8:3Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri.
Psalms 11:2paske mechan yo pare banza yo, y'ap vize ak flèch yo pou yo tire nan fènwa sou moun k'ap mache dwat yo?
Psalms 52:2(052:4) W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.
Proverbs 1:16Yo toujou dèyè pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò.
Isaiah 33:15Moun k'ap chape, se moun k'ap mache dwat yo, moun ki pa nan bay manti, moun ki pa sèvi ak pouvwa yo pou pwofite sou lòt moun, moun ki pa asepte lajan sou kote, moun ki pa dakò ak moun k'ap fè plan pou fè mechanste, moun ki pa mele ak moun k'ap fè sa ki mal.