Psalms 27:12
Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.
Cross References
Deuteronomy 19:16Lè yon fo temwen kanpe pou l' akize yon moun pou yon krim li pa fè,
1 Samuel 26:19Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.
Psalms 25:19Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen.
Psalms 35:11Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.
Psalms 38:16(038:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.
Psalms 41:11(041:12) M'a konnen ou kontan avè m' vre si m' wè lènmi m' yo pa banboche sou do m'.