Psalms 27:8
Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè.
Bib La
In The King James Version
When thou saidst, Seek ye my face; my heart said unto thee, Thy face, LORD, will I seek.
In Context
7Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!
Cross References
2 Samuel 21:1Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.
Psalms 24:6Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.
Psalms 105:4Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li.
Isaiah 26:16Seyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.
Isaiah 55:6Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.
Hosea 5:15M'ap vire do m' tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m'. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m'.