Psalms 27:9
Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m' pou kont mwen, pa lage m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè.
10Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen.
Cross References
1 Samuel 7:12Lè sa a, Samyèl pran yon wòch, li mete l' ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wòch la Ebenezè, paske li t'ap di: Jouk jòdi a se Seyè a ki pote nou sekou.
Psalms 13:1(013:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (013:2) Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou?
Psalms 38:21(038:22) Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè!
Psalms 51:11(051:13) Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.
Psalms 69:18(069:19) vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo.
Psalms 71:17Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo.