Psalms 28:1
Se yon sòm David. Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m'. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 3:4(03:5) Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.
Psalms 18:2(018:3) Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache.
Psalms 30:4(030:5) Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.
Psalms 35:22Men ou menm, Seyè, ou wè tout bagay. Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Seyè! Pa rete lwen m' konsa.
Psalms 42:9(042:10) Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m' kache a: -Poukisa ou bliye m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo?
Psalms 77:1(077:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. (077:2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.