Psalms 29:2
Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
Bib La
In The King James Version
Give unto the LORD the glory due unto his name; worship the LORD in the beauty of holiness.
In Context
Cross References
2 Chronicles 20:21Apre sa, li fè yon pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad yo konn mete lè gen gwo fèt seremoni. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: -Lwanj pou Seyè a! Li p'ap janm sispann renmen nou!
Psalms 90:17Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.
Psalms 96:8Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li!
Psalms 97:9Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo.
Psalms 113:3Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a!
Jeremiah 13:16Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou, pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la, anvan li fè limyè nou t'ap tann lan tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank.