Psalms 30:1
(030:1) Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. (030:2) M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib.
Bib La
In The King James Version
I will extol thee, O LORD; for thou hast lifted me up, and hast not made my foes to rejoice over me.
In Context
2(030:3) Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.
Cross References
Deuteronomy 20:5Apre sa, chèf yo va pale ak sòlda yo. Y'a di yo: -Eske gen yon moun la a ki fèk fin bati yon kay, men ki poko fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan goumen an, epi se yon lòt moun ki va fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye.
2 Samuel 6:20Apre sa, David al lakay li pou l' beni fanmi pa l' tou. Men, Mikal, pitit fi Sayil la, soti vin kontre li. Epi li di l' konsa: -Ala yon bèl bagay wa pèp Izrayèl la fè pou tèt li jòdi a! Tou sa yon vakabon ta fè. Li wete rad sou li devan tout sèvant moun k'ap sèvi avè l' yo!
2 Samuel 20:3Lè David rive nan palè li lavil Jerizalèm, li pran dis fanm kay li te kite pou okipe palè a, li fèmen yo nan yon kay apa ak moun pou siveye yo. Li ba yo tou sa yo bezwen, men li pa janm kouche ak yo yonn ankò. Yo rete fèmen la tout rès lavi yo, tankou fanm ki pèdi mari yo.
1 Kings 8:63Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.
Psalms 13:4(013:5) Konsa, moun k'ap pèsekite m' yo p'ap ka di: Nou fini avè l'! Yo p'ap gen chans wè m' tonbe pou yo kontan!
Psalms 27:6Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m' yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Seyè a.