Psalms 31:11
(031:12) Tout lènmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pè m'. Lè yo wè m' nan lari, yo kouri pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 19:13Bondye fè frè m' yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen.
Psalms 38:11(038:12) Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an.
Psalms 64:8(064:9) Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.
Psalms 88:8(088:9) Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti.
Psalms 89:50(089:51) Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen!
Isaiah 53:3Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.