Psalms 31:2
(031:3) Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:31Lènmi yo konn byen pwòp bondye k'ap pwoteje yo a pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la.
Job 7:21Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò.
Psalms 18:1(018:1) Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. (018:2) Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
Psalms 40:17(040:18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!
Psalms 69:17(069:18) Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka.
Psalms 79:1Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch.