Psalms 31:3
(031:4) Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m', kondi m' poutèt non ou pote a.
Bib La
In The King James Version
For thou art my rock and my fortress; therefore for thy name’s sake lead me, and guide me.
In Context
4(031:5) Pa kite m' tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k'ap pwoteje m'.
Cross References
Joshua 7:9Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou?
Nehemiah 9:19Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pa t' wete nwaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit.
Psalms 23:2Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè.
Psalms 25:9Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.
Psalms 43:3Voye limyè ou, moutre m' verite ou la. Fè yo fè m' wè chemen pou m' pran an. Fè yo mennen m' sou mòn ki apa pou ou a, nan kay kote ou rete a.
Psalms 79:9O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou.