Psalms 32:7
Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m'. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:1Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
2 Samuel 22:1Lè Seyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Seyè a.
Psalms 9:9(09:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
Psalms 27:5Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'.
Psalms 32:10Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Seyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.
Psalms 91:1Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a