Psalms 32:8
Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
Bib La
In The King James Version
I will instruct thee and teach thee in the way which thou shalt go: I will guide thee with mine eye.
In Context
7Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m'. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m'.
Cross References
Genesis 24:48Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè devan Seyè a, mwen fè lwanj Seyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an, paske li mennen m' tout dwat lakay frè mèt mwen an, kote mwen jwenn yon madanm pou pitit gason l' lan.
2 Samuel 22:33Se Bondye ki pwoteje m' avè fòs li. Li fè m' mennen yon lavi san repwòch.
Psalms 25:8Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.
Psalms 33:18Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.
Psalms 143:8Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m' chonje jan ou renmen m' anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m' chemen pou m' pran an.
Proverbs 3:5Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.