Psalms 33:1
Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li.
Bib La
In The King James Version
Rejoice in the LORD, O ye righteous: for praise is comely for the upright.
In Context
2Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li.
Cross References
Psalms 50:14Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Psalms 97:12Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun.
Psalms 135:3Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.
Proverbs 15:8Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.
Romans 5:19Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun fè peche, konsa tou obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras.
Philippians 4:4Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a. M'ap repete l' ankò: Fè kè nou kontan anpil.