Psalms 33:20
Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou.
Bib La
In The King James Version
Our soul waiteth for the LORD: he is our help and our shield.
In Context
19L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a.
21Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa.
Cross References
1 Chronicles 5:20Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo.
Psalms 62:1(062:1) Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. (062:2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.
Psalms 115:9Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.
Psalms 144:1Se yon sòm David. Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m' jan pou m' goumen, se li ki pare m' pou m' al nan batay.
Isaiah 25:9Jou sa a, tout moun va di: Se li menm ki Bondye nou. Nou te mete tout espwa nou nan li. Li delivre nou! Se li menm ki Seyè a! Nou te mete konfyans nou nan li. Ann fè kè nou kontan. Ann fè fèt, paske li delivre nou.