Psalms 33:7
Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa.
Bib La
In The King James Version
He gathereth the waters of the sea together as an heap: he layeth up the depth in storehouses.
In Context
6Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.
8Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li.
Cross References
Genesis 1:9Bondye di ankò. Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase.
Joshua 3:13Lè prèt k'ap pote Bwat Kontra Seyè a, Mèt tout latè a, va mete pye yo nan dlo larivyè Jouden an, larivyè a pral sispann koule desann, dlo a pral gonfle yon sèl kote bò tèt dlo a.
Job 26:10Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa.
Psalms 78:13Li fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l'. Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray.
Proverbs 8:29Mwen te la lè li t'ap bay dlo lanmè a limit pou l' pa depase, lè li t'ap poze fondasyon tè a.
Habakkuk 3:15Ou foule lanmè a anba pye chwal ou yo. Ou fè dlo lanmè a kimen.