Psalms 34:10
(034:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 23:1Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
Psalms 84:11(084:12) Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
Psalms 112:3Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
Proverbs 19:23Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.
Matthew 6:32Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k'ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo.