Psalms 34:16
(034:17) Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
15(034:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'.
17(034:18) Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray.
Cross References
Leviticus 17:10Pesonn ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa manje vyann ak tout san li ladan l'. Si li fè l', mwen menm Seyè a, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.
Job 18:17p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a.
Psalms 10:16Seyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a.
Psalms 33:18Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.
Proverbs 10:7Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.
Ecclesiastes 8:10Wi. Mwen wè yo antere mechan yo, yo kouche kadav yo anba tè. Mwen wè moun ki mache dwat yo pa menm jwenn kote pou moun antere yo. Tout moun nan lavil la bliye sa yo te fè. Tou sa ankò pa vo anyen, sa p'ap sèvi anyen.