Psalms 34:18
(034:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
Bib La
In The King James Version
The LORD is nigh unto them that are of a broken heart; and saveth such as be of a contrite spirit.
In Context
17(034:18) Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray.
Cross References
2 Kings 20:5—Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l' pou mwen. Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Seyè a.
Psalms 18:7(018:8) Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè!
Psalms 75:1(075:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. (075:2) N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!
Psalms 119:151Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.
Psalms 145:19L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo.
Isaiah 55:6Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.