Psalms 34:3
(034:4) Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
Bib La
In The King James Version
O magnify the LORD with me, and let us exalt his name together.
In Context
Cross References
1 Chronicles 16:10Fè kè nou kontan, paske nou se moun pa l'. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt.
2 Chronicles 29:30Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.
Psalms 35:27Se pou moun ki kontan wè jan m' inonsan an pran rele byen fò san rete. Se pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze.
Psalms 66:8Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!
Psalms 69:33(069:34) Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon.
Psalms 148:1Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!