Psalms 35:10
M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Se konsa Seyè a pral fè kè m' kontan, m'ap kontan anpil, paske li delivre mwen.
11Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.
Cross References
2 Samuel 22:18Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m', epi ki te pi fò pase m'.
Job 33:19Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo.
Psalms 18:17(018:18) Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m' epi ki te pi fò pase m'.
Psalms 22:24(022:25) Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn.
Psalms 34:6(034:7) Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.
Psalms 37:14Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo.