Psalms 35:20
Yo pale tankou moun k'ap chache kont. Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun ki pa nan kont ak pesonn nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
For they speak not peace: but they devise deceitful matters against them that are quiet in the land.
In Context
21Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y'ap di: -Wi! Nou te wè ou!
Cross References
Psalms 31:13(031:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m', y'ap fè konplo pou yo touye m'.
Psalms 38:12(038:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.
Psalms 64:4(064:5) Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.
Psalms 140:2(0140:3) anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.
Daniel 6:5Lè sa a yonn di lòt: -Nou pa ka jwenn anyen ki mal nan travay Danyèl ap fè a. Ann chache nan jan l'ap sèvi Bondye l' la.
Matthew 12:24Lè farizyen yo tande sa, yo di: Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l' pouvwa pou sa.