Psalms 35:26
Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache!
Bib La
In The King James Version
In Context
25Pa kite yo di nan kè yo: -Wi! se sa menm nou te vle rive li! Pa kite yo di: -Nou fini avè l'!
Cross References
Job 19:5Nou konprann nou pi bon pase m'. Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a.
Psalms 38:16(038:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.
Psalms 40:15(040:16) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont.
Psalms 71:13Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen.
Psalms 109:28Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan.
Psalms 132:18M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.