Psalms 35:3
Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k'ap pousib mwen yo. Fè m' konnen se ou menm k'ap delivre m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m' sekou.
Cross References
1 Samuel 23:26Sayil ak mesye l' yo t'ap mache sou yon bò ravin lan sou flan mòn lan. David menm ak mesye pa l' yo t'ap mache sou lòt bò a, sou flan mòn anfas la tou. Li t'ap kouri pou l' te ka mete bèl distans ant li ak Sayil ki t'ap pwoche dèyè l'. Sayil te prèt pou mete men sou li.
Psalms 27:2Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe.
Psalms 62:7(062:8) Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.
Psalms 91:16M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'.
Isaiah 10:12Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
Luke 2:30Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an.