Psalms 37:10
Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.
11Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.
Cross References
2 Kings 9:25Jeou rele Bidka, òdonans li an, li ba li lòd sa a: —Pran kadav la, jete l' nan jaden Nabòt, moun Jizreyèl la. Ou chonje lè ou menm avè m' nou te sou chwal nou dèyè Akab, papa l'? Seyè a te pale kont Joram, li te di:
Esther 7:10Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.
Job 7:21Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò.
Job 20:5mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.
Job 20:9Moun ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò. Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase.
Psalms 37:35Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou.