Psalms 37:30
Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki soti nan bouch li.
Bib La
In The King James Version
The mouth of the righteous speaketh wisdom, and his tongue talketh of judgment.
In Context
29Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.
31Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite.
Cross References
Psalms 71:15M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.
Proverbs 10:20Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen.
Proverbs 10:31Lè moun k'ap mache dwat yo ap pale, se bon koze yo bay. Men, moun k'ap pale mal yo ap disparèt.
Proverbs 25:11Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.
Matthew 12:35Yon nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki move yo.
Colossians 4:6Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.