Psalms 37:5
Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.
Bib La
In The King James Version
Commit thy way unto the LORD; trust also in him; and he shall bring it to pass.
In Context
4Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
6L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
Cross References
Genesis 24:12Li lapriyè, li di: -Seyè, ou menm ki Bondye Abraram, mèt mwen, tanpri, fè m' jwenn jòdi a sa m'ap chache a. Moutre jan ou bon pou Abraram, mèt mwen.
Job 22:28Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou.
Psalms 55:22(055:23) Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
Ecclesiastes 9:1Mwen kalkile anpil sou bagay sa yo. Mwen repase bagay sa yo byen repase nan tèt mwen. Mwen wè se Bondye k'ap dirije lavi tout moun, ni moun ki gen bon konprann, ni moun ki mache dwat yo. Li kontwole tou sa y'ap fè, kit yo renmen, kit yo rayi. Pesonn pa konn anyen sou sa k'ap tann yo pi devan.
Matthew 6:25Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?
Luke 12:29Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè.