Psalms 38:3
(038:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
2(038:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.
4(038:5) Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.
Cross References
Job 2:7Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.
Job 33:19Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo.
Psalms 31:9(031:10) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kò m' ap fin deperi afòs mwen gen lapenn.
Psalms 51:8(051:10) Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò.
Psalms 102:3(0102:4) Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.
Isaiah 1:5Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.