Psalms 39:6
(039:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
7(039:8) Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou!
Cross References
Job 7:7Bondye o! Pa bliye, lavi m' tankou yon nwaj k'ap pase. Lè m'a fèmen je m', mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankò.
Job 14:1Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka!
Psalms 49:10(049:11) Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun.
Psalms 127:2Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.
Proverbs 13:22Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.
Proverbs 27:24Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou.