Psalms 4:1
(04:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (04:2) Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 17:37David di ankò: -Seyè a te delivre m' anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m' tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: -Bon, ale non! Mwen mande Seyè a pou l' avèk ou!
1 Samuel 23:26Sayil ak mesye l' yo t'ap mache sou yon bò ravin lan sou flan mòn lan. David menm ak mesye pa l' yo t'ap mache sou lòt bò a, sou flan mòn anfas la tou. Li t'ap kouri pou l' te ka mete bèl distans ant li ak Sayil ki t'ap pwoche dèyè l'. Sayil te prèt pou mete men sou li.
Job 36:16Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje.
Psalms 11:7Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.
Psalms 18:18(018:19) Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te soutni m'.
Psalms 24:5Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras.