Psalms 4:8
(04:9) Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m' kouche, dòmi pran m'. Seyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m'.
Bib La
In The King James Version
I will both lay me down in peace, and sleep: for thou, LORD, only makest me dwell in safety.
In Context
Cross References
Leviticus 25:18Se pou nou swiv lòd mwen ban nou yo, se pou nou kenbe tout kòmandman m' yo. Se pou nou swiv yo, se konsa n'a kapab viv nan peyi a san nou pa bezwen pè anyen.
Deuteronomy 12:10Men, yon fwa n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al rete nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, l'a pwoteje nou nan mitan tout lènmi k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo, n'a rete nan peyi a ak kè poze.
Job 11:18Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.
Psalms 16:8Mwen toujou mete Seyè a devan je m'. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'.
Proverbs 3:24Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.
Ezekiel 34:25M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m' yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo.