Psalms 40:12
(040:13) Kote m' vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m' yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouraj mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
13(040:14) Seyè, tanpri, delivre m' non! Prese vin pote m' sekou, Seyè.
Cross References
Genesis 42:28Li di frè l' yo. -Yo renmèt mwen lajan m' lan wi. Men li nan sak mwen an. Kè yo kase. Yo t'ap tranble kou fèy bwa tèlman yo te pè. Yonn t'ap di lòt: -Kisa Bondye fè nou konsa?
Psalms 22:11(022:12) Pa rete lwen m' konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m'.
Psalms 61:8(061:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.
Psalms 73:26Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
Isaiah 53:6Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li.
Luke 21:26Gen moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble.