Psalms 40:6
(040:7) Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche.
Bib La
In The King James Version
In Context
7(040:8) Lè sa a mwen di: -Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la.
Cross References
Exodus 21:6enben, lè sa a, mèt la va mennen l' devan Bondye. L'a fè l' pwoche bò pòt la, osinon bò chanbrann pòt la, l'a pèse zòrèy li ak yon bagay pwenti. Konsa esklav la va rete ap sèvi li jouk li mouri.
Job 5:9Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
Psalms 50:8Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
Psalms 71:15M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.
Psalms 139:18Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.
Isaiah 25:1Seyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou reyalize l' nèt, jan ou te vle l' la.