Psalms 40:9
(040:10) Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:22(022:23) M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
Psalms 35:18M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.
Psalms 71:15M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.
Psalms 119:171Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè.
Jeremiah 31:33Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.
Luke 4:16Jezi ale lavil Nazarèt kote l' te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l' te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l' li pou yo.