Psalms 42:1
(042:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (042:2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.
Bib La
In The King James Version
As the hart panteth after the water brooks, so panteth my soul after thee, O God.
In Context
Cross References
Exodus 6:24Men non pitit Kore yo: Asi, Elkana ak Abyazaf. Se tout fanmi Kore yo sa.
Numbers 16:32Li vale yo, yo menm, tout fanmi yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon pou Kore, ak tou sa ki te pou yo.
1 Chronicles 6:22Keyat te papa Aminadab, Aminadab te papa Kore, Kore te papa Asi.
1 Chronicles 25:1Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:
Psalms 45:1(045:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se yon chante pitit Kore yo. Se yon chan damou. (045:2) Mwen gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen. Mwen pral chante yon chante pou wa a, mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante.
Psalms 47:1(047:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (047:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!