Psalms 42:3
(042:4) Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki soti nan je m' ki sèvi m' manje. Se tout tan moun ap mande m': -Kote Bondye ou la?
Bib La
In The King James Version
My tears have been my meat day and night, while they continually say unto me, Where is thy God?
In Context
Cross References
Deuteronomy 5:26Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an?
Psalms 3:2(03:3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!
Psalms 42:10(042:11) Mwen santi tout zo nan kò m' ap fè m' mal. lè moun k'ap pèsekite m' yo ap joure m', lè tout tan y'ap mande m': -Kote Bondye ou la?
Psalms 79:10Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule!
Psalms 80:5(080:6) Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè.
Psalms 102:9(0102:10) Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè.