Psalms 42:4
(042:5) Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 16:14N'a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a.
1 Samuel 1:15Ana reponn li: -Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni ankenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m' bay Seyè a. Se rakonte m'ap rakonte Seyè a lapenn mwen.
2 Kings 18:32Lè wa a va vin isit la pita, la pran nou, la mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven, yon peyi kote ki gen pye oliv pou fè lwil oliv ak anpil siwo myèl. Konsa n'a viv, nou p'ap mouri. Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Seyè a va delivre nou.
1 Chronicles 16:1Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.
2 Chronicles 30:23Apre sa, tout pèp la tonbe dakò pou yo pase sèt lòt jou ankò ap fè fèt. Se konsa, yo fete pou sèt lòt jou ankò ak kè kontan.
Psalms 55:14(055:15) Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo.