Psalms 42:5
(042:6) Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 30:6David te nan gwo tèt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Seyè a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj.
Psalms 27:13Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.
Psalms 37:7Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
Psalms 42:11(042:12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.
Psalms 44:3(044:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
Psalms 56:3(056:4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.