Psalms 43:3
Voye limyè ou, moutre m' verite ou la. Fè yo fè m' wè chemen pou m' pran an. Fè yo mennen m' sou mòn ki apa pou ou a, nan kay kote ou rete a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 15:20Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m' fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Seyè a pou l' aji byen avè ou, pou l' pa janm lage ou!
1 Chronicles 16:1Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.
1 Chronicles 21:29Men lè sa a, Tant Randevou Moyiz te fè moute pou Seyè a nan dezè a ansanm ak lotèl pou boule ofrann bèt yo te sou mòn Gabawon toujou, kote yo te mete apa pou Seyè a.
Psalms 3:4(03:5) Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.
Psalms 36:9(036:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!
Psalms 42:4(042:5) Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.