Psalms 43:4
Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 6:5David ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a. Yo t'ap jwe gita ak bandjo. Yo t'ap bat tanbou, tanbouren ak senbal.
Psalms 33:2Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li.
Psalms 57:8(057:9) M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve!
Psalms 63:2(063:3) Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.
Psalms 71:22Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la.
Psalms 116:12Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?