Psalms 44:12
(044:13) Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.
Bib La
In The King James Version
Thou sellest thy people for nought, and dost not increase thy wealth by their price.
In Context
11(044:12) Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.
Cross References
Leviticus 26:33M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.
Deuteronomy 32:30Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.
Judges 3:8Seyè a fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim.
Isaiah 50:1Men sa Seyè a di ankò: -Si m' te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m' ta vann nou ba li tankou esklav? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou yo mwen te voye manman nou tounen lakay li.
Jeremiah 15:13Seyè a di m' ankò: -M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an, m'ap lage yo nan piyay. Se konsa yo pral peye pou tout peche yo te fè toupatou nan peyi a.