Psalms 44:14
(044:15) Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou.
Bib La
In The King James Version
Thou makest us a byword among the heathen, a shaking of the head among the people.
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:37Nan tout peyi kote Seyè a pral gaye nou yo, moun pral sezi wè sa ki rive nou, y'a pase nou anba kont betiz, y'a fè chante sou nou.
2 Kings 19:21Men pawòl Seyè a di sou Senakerib: Lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.
Nehemiah 2:17Men lè sa a, mwen di yo: -Nou wè nan ki traka nou ye avèk lavil Jerizalèm k'ap fin kraze nan men nou avèk pòtay boule li yo. Vini non! Ann al rebati miray ranpa lavil la! Moun va sispann fè nou wont.
Job 17:6Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'!
Psalms 79:4Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
Psalms 123:3Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.