Psalms 44:3
(044:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4(044:5) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.
Cross References
Exodus 15:16Yon sèl kè kase, yon sèl sezisman pran yo. Avèk fòs ponyèt ou, ou fè yo rete rèd san yo pa kapab fè anyen. Ou fè yo rete konsa jouk pèp ou a fin pase, Seyè, wi, jouk pèp ou delivre a fin pase!
Deuteronomy 4:37Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo soti kite peyi Lejip.
Deuteronomy 8:17Pa janm mete nan tèt nou se kouraj nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo.
Joshua 3:10Lèfini, Jozye di yo konsa: -Jòdi a, nou pral konnen Seyè a, Bondye vivan an, nan mitan nou vre. Li pral chase devan nou moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Evi yo, moun Ferezi yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Jebis yo.
1 Samuel 12:22Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li soti pou l' fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.
2 Chronicles 20:7Ou se Bondye nou. Se ou menm ki te mete tout moun ki te rete nan peyi sa a deyò fè plas pou pèp Izrayèl la. Lèfini, ou bay tout pitit Abraram, zanmi ou lan, peyi a pou l' rele yo pa yo pou tout tan.