Psalms 44:5
(044:6) Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4(044:5) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.
6(044:7) Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m' ki pou delivre m'.
Cross References
1 Kings 22:11Yonn ladan yo te rele Sedesyas. Se te pitit Kenana. Li fè fè de kòn an fè. Li di: -Men sa Seyè a di: Avèk kòn sa yo, ou pral atake moun Siri yo, ou pral fini ak yo.
Psalms 18:39(018:40) Ou ban m' kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon.
Psalms 91:13W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.
Psalms 118:10Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.
Isaiah 41:14Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!
Zechariah 10:5Moun pèp Jida yo pral genyen batay la, y'ap tankou sòlda k'ap foule lènmi anba pye yo nan labou nan granchemen. Yo pral goumen, paske Seyè a la avèk yo. Tout lènmi ki sou chwal yo pral wont.