Psalms 45:11
(045:12) Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'.
Bib La
In The King James Version
So shall the king greatly desire thy beauty: for he is thy Lord; and worship thou him.
In Context
12(045:13) Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou.
Cross References
Psalms 2:12bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l' fache, n'a mouri, paske kòlè l' moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!
Psalms 95:6Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!
Song of Solomon 1:12Mèt mwen te kouche sou kabann li. Sant odè mwen an te gaye toupatou.
Song of Solomon 2:14Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo, anba gwo wòch byen wo yo. Moutre m' ti figi ou non! Fè m' tande vwa ou. Ala bèl ti figi ou bèl! Ala dous vwa ou dous!
Song of Solomon 4:7Ou pa manke bèl, anmòrèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defo!
Song of Solomon 6:4Anmòrèz mwen, ou bèl tankou lavil Tisa. Lè m' wè ou sa fè m' plezi tankou lè m' wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!